Kreyòl Ayisyen

Kreyòl Ayisyen (Haïtiaans creools) - Haïti



MESAJ DE MIRAK 
Mesaj mirak ekri pa: Evanjelis Sieberen Voordewind 

Zanmi mwen yo, se yon mesaj enpotan pou nou, e mwen pral di nou poukisa! Kwè ke Bon Dye vivan an pral touche nou. Ouvwi lespwi ou ak kè ou pou ou kapab resevwa sa ke Bon Dye vle bay ou an. Ki bezwen ou gen? Ki gwosè bezwen ou an ye? Si ou bezwen yon mirak kwè nan Bon Dye mirak ki vivan pou tout bezwen nou yo nan non Jezi Kris. Bib la di: "mete tout konfyans ou nan Senyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou sonje Senyè a nan tout sa wap fè. Li menm, lap montre ou chemen pou ou pran". (Provèb 3:5-6). 


Kiyès ki ka kwè pou yon mirak? Nan Bon Dye! Bib la di: "Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo. Y'ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k'ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen. Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li. L'ap tankou pyebwa yo plante bò larivyè, k'ap plonje rasin li nan dlo. Li pa pè anyen lè sezon chalè rive, paske fèy li yo ap toujou vèt. Te mèt gen yon lanne chechrès, sa pa fè l' anyen, l'ap toujou donnen. Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm? Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo". (Jeremi 17:5-10). 

Wi, kwè nan Bon Dye vivan an! O, mwen kwè nan mirak e se lè mirak la sa! Gen yon mirak pou ou nan non Senyè Jezi a. Gen yon gerizon nan non Jezi. Genyen espwa nan non Jezi, genyen pouvwa, gen delivrans, gen lapè, gen repo nan non Jezi Kris pitit Bon Dye vivan an! Eske ou ap tann yon mirak? Nan men Senyè Jezi. Ou bezwen Jezi, Jezi e Jezi! Ouvwi kè ou konnya pou Jezi. Kitel antre nan kè ou. Li pa montre nou diskriminasyon men menm sa li te fè deja pou yon lòt moun li pral fè li pou ou menm tou. Se verite "si ou konnen verite a, verite a ap libere ou" (Jan 8:32). O, mond lan pa konprann sa ki mirak la. Kwè nan li (Bon Dye) e espere ke wap jwenn yon mirak nan men li! Pi gwo mirak nenpòt moun ka eksperimante se...resevwa padon Bon Dye atravè Jezi Kris. Li Jan 1:12 e Jan 3:16. Amen! 

Prepare ou pou mirak la. Fèmen zye ou sou sikonstans yo. Eske'w bezwen yon mirak? Eske'w bezwen yon gerizon? Bib la di: "tout bagay posib pou moun ki kwè".(Mak 9:23). Pa pale de dèt, krentif, problèm yo. Ou menm, wi pa pale de problèm yo. Ou ka resevwa pi gwo mirak pa'w la konnya! Konnya! Konnya! Jis fè yon senp priyè antanke pechè. "Senyè Jezi, mwen remèsye ou paske ou fè'm favè pou'm pwoche kote'w, menm si peche mwen yo gwo e anpil. O, gen pitye pou mwen, yon pòv pechè ke mwen ye, sove nanm mwen. Mwen ouvwi kè mwen bay ou. Netwaye tout sa ki pa bon andanm, mwen bay ou lavi mwen. M'ap swiv ou. Mwen remèsye ou pou pi gran mirak sa e mwen louwe ou! Amen!" Konnya: li bib la, kwè nan pawòl ki nan bib la e fè sa bib la di. Bib la di: "Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite". (Ebre 4:16). M'ap priye. O, Bon Dye. Nan non Jezi Kris, mwen pwoche kote'w avek gason sa, dam sa, jenn gason sa, jenn fiy sa ki gen yon bezwen. Mwen mande'w pou'w touche moun sa konnya avek pouvwa lespwi ou, nan non Jezi. O, Senyè geri moun sa a 100%. Geri li soti nan tèt jis rive nan talon pye li. Nou priye ou pou tout pwoblèm. Kelkeswa problèm nan, fè yon mirak pou li, resevwa gerizon ou nan non Jezi. Resevwa delivrans de tout pwoblèm wap andire yo nan non Jezi. Resevwa mirak pou nenpòt bezwen ou genyen. Resevwa pouvwa Sentespwi a. Resevwa lwil onksyon Sentespwi a. Resevwa li konnya, konnya, nan non Jezi Kris. Ou libere. Amen!"

(Miracle message by: Sieberen Voordewind – Translated (Haïtiaans creools) by: Morency TPaul, Haïti). YOU CAN READ THIS MESSAGE IN ENGLISH: MIRACLE MESSAGE

Pou plis atik (nan ENGLISH) klike sou:
For more articles (in ENGLISH) click on: